fbpx
Logo
Apr 09, 2025 | Rommel H. Ojeda

Kisa k ap pase si w pa depoze demann azil ou a anvan delè yon lane a?

Lwa Etazini mande pou moun k ap mande azil soumèt aplikasyon yo avan yo gen yon lane depi yo antre nan peyi a. Men, sikonstans tankou mank asistans legal oswa enstabilite, kapab anpeche yon moun depoze demann azil la a lè.

Men sa w dwe konnen sou demann azil anvan delè yon lane a:

  • Moun k ap mande azil dwe aplike  avan dat k ap fè yo yon lane depi yo antre Etazini, sof si yo kalifye pou yon eksepsyon.
  • Gen azil afimatif ki se azil yon moun depoze volontèman nan USCIS, epi gen azil defans ki fèt nan tribinal imigrasyon kòm yon defans kont depòtasyon.
  •  Dat limit yon lane a kòmanse depi moman moun nan antre Etazini an.
  • Si w rate dat limit la, azil la vin pi difisil pou w jwenn, men yon avoka imigrasyon kapab ede w detèmine si w kapab benefisye yon eksepsyon.
  • Kèk moun k ap fè demann azil kapab kalifye pou eksepsyon pou rezon sa yo:
    • Chanjman nan sikonstans yo (tankou nouvo danje nan peyi yo)
    • Sikonstans ekstraòdinè (tankou maladi grav, difikilte pou jwenn asistans legal)
    • Minè ki poko gen 18 ane (yo dwe aplike nan yon tan rezonab apre yo fin gen 18 ane)

Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka oubyen yon pwofesyonèl akredite kapab ba ou. Dènye mizajou yo fèt 4/2025.

Pou l aplike pou azil, yon imigran ki pa nan pwosedi depòtasyon epi ki pa resevwa yon lòd depòtasyon dwe ranpli Fòm I-589, Aplikasyon pou Azil ak Sispansyon Depòtasyon, nan sèvis imigrasyon Etazini (USCIS). Moun ki deja nan pwosesis depòtasyon  yo dwe ranpli aplikasyon pou azil yo nan Biwo Egzekitif pou Revizyon Imigrasyon (EOIR).

Lwa Etazini mande pou moun k ap mande azil yo depoze aplikasyon yo nan delè yon lane apati jou yo antre nan peyi a. Men, sikonstans tankou mank asistans legal oswa enstabilite kapab anpechman ki fè yon moun pa gentan depoze demann azil li a lè.

Imigran ki pa soumèt aplikasyon azil yo nan delè yon lane depi yo antre Etazini riske jwenn refi sou demann azil yo, sòf si yo reponn ak kèk kritè.

Youn nan bagay ou dwe sonje, se diferans ki genyen ant azil afimatif ak azil defansiv. Si yo refize  azil afimatif ou a, y ap refere w pou pwosedi depòtasyon nan tribinal imigrasyon, lè sa a ou kapab renouvle aplikasyon azil la devan jij imigrasyon an.

Azil afimatif se demach moun ki pa nan pwosedi pou depòtasyon nan tribinal imigrasyon dwe swiv pou yo aplike pou azil. Nan pwosesis sa a, moun yo depoze aplikasyon pou azil la nan USCIS nan yon delè yon lane a pati dènye dat yo antre nan peyi a. Y ap gen pou pase yon entèvyou ak yon ofisye azil. Si demann lan apwouve, yo vin anba pwoteksyon azil. Si dosye yo a jwenn refi, USCIS kapab refere yo bay yon tribinal imigrasyon pou pwosedi depòtasyon. 

Si USCIS refere yon aplikan azil nan tribinal imigrasyon, moun sa kapab renouvle aplikasyon azil la devan jij imigrasyon an kòm yon defans kont depòtasyon. Si jij la refize reklamasyon an, gen posibilite pou moun nan fè apèl kont desizyon jij la.

Azil defansiv la kapab fèt tou si yo arete yon moun sou fwontyè a nan US Customs and Border Protection (CBP). 

“Si w vin Etazini san viza epi w di: “Hey, mwen vle azil,” otomatikman y ap mete w nan pwosedi depòtasyon. Moun ki sou fwontyè a pral di, ou te vini san pèmisyon pou w antre, ou pa gen viza, poutèt sa, nou pral mete w nan pwosedi depòtasyon,” se sa Brian Manning eksplike. Brian se avoka azil politik ak ansyen ofisye azil pou gouvènman an.

Delè yon lane pou w depoze aplikasyon azil la gen kèk eksepsyon

Youn nan move enfòmasyon sou delè yon lane a, sitou pou moun DHS te arete lè yo t ap antre nan peyi a epi ki vin lage an atandan pwosedi pou depòtsyon yo, se kilè pou yo kòmanse konte delè 12 mwa a.  “Gen moun ki panse li kòmanse lè CBP lage yo a. Men, li vreman kòmanse menm moman yo antre nan peyi a,” se deklarasyon sa a Manning fè.

Li enpòtan anpil pou moun k ap mande azil yo sonje dat egzak yo antre Etazini an. Lè w rate delè yon ane a pou w depoze demann  azil ou a, li pi difisil pou w apwouve. Risk pou jwenn refi ak depòtasyon wo anpil.

Men, gen twa eksepsyon nan delè pou w aplike a ki pèmèt moun depoze demann azil yo menm apre delè yon lane a pase. Se sèlman USCIS oswa yon jij imigrasyon ki ka detèmine si yon moun kalifye pou yon eksepsyon nan delè yon lane pou soumèt demann azil la.

  1. Chanjman sikonstans: Manning di yon egzanp pou chanjman sikonstans kapab peyi lakay moun nan pa an sekirite ankò akòz chanjman politik oswa lòt  kondisyon ki fè li vin danjere pou kèk moun. “La a lide a se ou pa t bezwen azil avan, men on bagay ou fè – tankou kritike peyi w sou entènèt –  si w ta retounen, lavi w ka an danje”. Yon lòt egzanp ta kapab lè yo mete yon nouvo lwa nan peyi orijin moun nan ki ka mete yon gwoup moun, tankou imigran LGBTQ yo, an danje.
  2. Sikonstans ekstraòdinè: Si moun nan ka montre sikonstans ekstraòdinè ki te anpeche l depoze aplikasyon azil la nan yon ane, li kapab kalifye pou yon eksepsyon. Egzanp sikonstans ekstraòdinè yo kapab maladi grav, andikap mantal oswa fizik, pwoblèm asistans legal, oswa difikilte nan pwosedi a. (Klike sou lyen sa a pou w jwenn lis konplè a).
  3. Timoun minè: Manning di: “Minè ki poko gen 18 ane kalifye pou yon eksepsyon akòz konpleksite legal [pwosesis aplikasyon an].” Li ajoute “Sepandan, apre li fin gen 18 an, li dwe ranpli aplikasyon azil la nan yon tan rezonab.”

Li vrèman enpòtan pou w respekte delè yon lane a. Men, toujou gen posibilite pou montre w kalifye pou youn nan eksepsyon yo, se sa Manning di. “Li toujou rekòmande pou w pale ak yon avoka imigrasyon sou posibilite pou w kalifye pou yon egzanpsyon paske sa rive souvan, moun sezi lè yo aprann yo kalifye pou yon eksepsyon.”

Ou vle poze kesyon sou sijè sa ak sou kijan li aplike nan dosye pa w la? Kontakte yon espesyalis Documented.info ki ap ba w repons konfidansyèl ki gratis. W ap jwenn plis detay la a.

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt